MIAMI, 8 avril 2024 - Lidè atravè Miami-Dade ap pwogrese nan mete sou pye yon plan daksyon kominotè pou lasante ak ekite, yon fason pou abòde kesyon sekirite nan zafè nitrisyon yon fason global ak dirab. Nan dènye rechèch ke American Heart Association nan fè, yo dekouvri ke te gen twòp inegalite pandan kat dènye ane yo nan Miami-Dade ki konsène sekirite nan zafè nitrisyon.
Objektif prensipal inisyativ la se diminye ensekirite alimantè ak malnitrisyon nan Miami Dade County. Objektif espesifik yo gen ladan:
- plis aksè ak manje ki bon pou sante epi ki nourisan,
- amelyore kalite manje ki disponib, epi
- ankouraje abitid alimantè ki bon pou sante.
Plan an vize tou pou sipòte sistèm alimantè lokal yo, diminye gaspiyaj manje epi amelyore rezo distribisyon manje yo.
“American Heart Association ap travay pou li amelyore aksè ak manje ki nourisan epi pou li kreye yon enpak dirab,” se sa Robert Hill, vis-prezidan ki responsab enpak kominotè American Heart Association nan te di. “Nan Sid Florid, yo kapab plen plis pase 6,000 bis eskolè avèk tout rezidan ki nan ensekirite alimantè. Se pa akseptab, epi kominote pwofesyonèl sa a angaje pou asire yo ke chak manm nan kominote nou an genyen menm opòtinite pou yon vi ki ansante.”
Sekirite nan zafè nitrisyon se yon aspè esansyèl nan domèn sante piblik epi pou reponn avèk li yon fason ki efikas sa mande yon travay kolaborasyon. Sou direksyon Majistra Miami-Dade County Daniella Levine-Cava ak biwo li a, anpil endividi, ki reprezante pi plis pase yon santèn òganizasyon, avèk lidèchip debaz ki soti nan American Heart Association, Urban Health Partnerships ak Common Threads, te rankontre nan mitan mwa mas la kòm yon gwoup ekspè nan Amara at Paraiso pou yo pale sou bezwen yo, idantifye defi yo epi kreye yon plan daksyon.
“Administrasyon mwen an te fyè pou l mete ansanm ak patnè nan sektè piblik ak prive pandan k ap travay pou mete yon fen nan grangou ak ensekirite alimantè nan konte nou an,” se sa Majistra Daniella Levine Cava te di. “Gras ak Miami-Dade Food & Nutrition for All Collaborative, nou kapab pote opsyon ki pi nourisan sou chak tab dine epi travay pou n asire nou pa gen yon moun nan kominote nou an ki al dòmi tou grangou.”
Move alimantasyon ak ensekirite alimantè, yo chak yo kontribye nan inegalite ki genyen nan rezilta pou maladi kwonik yo. Ensekirite alimantè pi elve pase lamwayèn nan kay ki gen timoun, sa ki gen yon sèl moun ki anchaj li oswa moun Nwa ki pa Ispanik oswa moun Ispanik, epi sa ki gen revni ki pi ba pase nivo povrete a.
Sekirite nan zafè nitrisyon se yon pwoblèm ijan nan Miami-Dade County, kote yon gwo pòsyon nan kominote nou an ap goumen pou yo jwenn aksè a ase manje epi ki nourisan. Gwoup òganizasyon sa a kolabore, travay sou prèv reyèl epi bay kominote ki pi vilnerab ak pi majinalize yo priyorite.
Brenden Reyes, yon rezidan ki ap viv nan Miami-Dade depi lontan, te pale nan evènman an. Brenden se youn nan Bousye Enstitisyon Ispanik (Hispanic-Serving Institution Scholars) nan American Heart Association nan. Bousye HSI yo se yon inisyativ pou devlope yon rezo ki gen divès chèchè ak pwofesyonèl swen sante, pou fè sa li founi bousye yo resous akademik ak resous ki pou anrichi karyè yo, tankou bousdetid ak mantora.
Aktyèlman, Brenden se yon etidyan inivèsitè nan Florida International University, ki ap pouswiv yon karyè nan syans anviwòmantal avèk yon espesyalizasyon nan syans agrikòl.
“Ou te kapab santi pasyon, anvi ak lanmou pou chanje istwa sou ensekirite alimantè ak valè nitrisyonèl nan Miami-Dade County,” se sa Reyes te di. “Nitrisyon se pa sèlman alimantasyon, men se yon fason pou viv epi nou te pèdi wout nou. Gen moman eksitan ki ap vini pi devan kote Miami pral pwopaje lonjevite, lapè ak yon santiman kominotè ki solid.”
Atravè kreyasyon estrikti soukomite nou an, ki vin fòme an yon komite direktè, objektif kolaborasyon an se tabli yon estrikti lidèchip pèmanan ak yon rezo soutyen, pou rezidan Miami-Dade County yo kapab viv pi lontan epi nan pi bon sante. Sa ki fondamantal pou tout travay sa a se yon fokis sou Aksè, Edikasyon, Defans ak Angajman.
###
Enfòmasyon sou American Heart Association
American Heart Association se yon fòs san pran souf pou yon mond kote gen lavi ki pi long, ak ansante.Nou angaje nou pou n asire sante ki ekitab nan tout kominote yo. Gras ak kolaborasyon avèk plizyè òganizasyon epi gras ak plizyè milyon volontè, nou finanse rechèch ki inovan, nou defann sante popilasyon an epi nou pataje resous ki vital. Òganizasyon ki baze Dallas la se youn nan sous prensipal enfòmasyon sou sante depi yon syèk. Pandan lane 2024 la - lane n ap fete yon Syèk la - nou selebre istwa 100 lane rich nou an ak akonplisman nou yo. Pandan n ap kòmanse dezyèm syèk dekouvèt ak enpak odasye nou an, vizyon nou se pou nou fè sante ak lespwa pwogrese pou tout moun, tout kote. Konkete avèk nou sou heart.org, Facebook, X oswa lè w rele 1-800-AHA-USA1.
Pou Demann Medya yo:
Christina Vitale: christina.vitale@heart.org
Pou Demann Piblik yo: 1-800-AHA-USA1 (242-8721)