WEST PALM BEACH, Fla. (18 desanm 2023) – Li pi fasil pou kenbe menm abitid yo lè w kòmanse genyen yo bonè. Yon nouvo pwogram American Heart Association nan kat lekòl lokal ki pral atenn plis pase 2,000 elèv nan ane eskolè sa a ki gen entansyon pou anseye abitid sen lakay elèv yo pou pran swen kè yo pandan tout lavi yo.

Pwogram nan, Leaders for a Resilient Generation, ki se yon pwogram TBC Corporation finanse epi ki pa gen lontan li lanse nan Galaxy E3 Elementary nan Boynton Beach, Lincoln Elementary School epi nan Washington Elementary Magnet School nan Riviera Beach, ansanm ak Pahokee Elementary School.

Li bay pwofesè yo resous pou anseye elèv yo sou karyè STEM, sante ak byennèt epi li gen ladan l kèk atik ki ede pwofesè yo ranfòse byennèt pèsonèl yo. Epi tou, chak lekòl resevwa kòd pou sote, balon ak jwèt pou ede elèv yo rete aktif. American Heart Association rekòmande timoun ak adolesan ki gen laj lekòl yo gen omwen 60 minit aktivite modere rive nan aktivite serye chak jou.

Scott Hurd, ki se direktè finansye TBC Corporation epi prezidan Palm Beach County Heart Walk pou 2023 te di: “TBC Corporation fyè pou l kontinye patenarya li ak American Heart Association epi li ede l gen yon enpak pozitif sou dosye maladi kè ak konjesyon serebral (estwok) isit la nan Palm Beach County, espesyalman pou elèv yo ak pwofesè yo." "Nou kwè resous ak zouti ki disponib atravè nouvo pwogram sa a pral ede ankouraje abitid ki pi sen nan lekòl nou yo, sa ki kapab finalman amelyore sante tout kominote nou an."

Doktè Vernicka Murray, ki se direktris Washington Elementary Magnet School te di: "Sa a se yon pwogram enkwayab pou lekòl nou an." "Nou di mèsi poutèt resous sa yo nou gen nan salklas la epi nou kontan anpil pou n wè jan se pa sèlman elèv yo y ap ede, men tou y ap ede manm pèsonèl yo pran swen tèt yo."

Pou plis enfòmasyon sou Leaders for a Resilient Generation, kontakte Jessie.Brooks@Heart.org.

###

Konsènan American Heart Association

American Heart Association se yon sous enspirasyon ki pa janm sispann pou yon mond kote moun ap viv pi lontan epi pi an sante. Nou travay nan lide pou asire nou tout moun jwenn swen sante egal ego nan tout kominote. Gras ak plizyè kolaborasyon nou gen, epi gras ak plizyè milyon volontè ki kanpe nan do nou, nou finanse rechèch ki baze sou inovasyon, nou goumen pou defann sante piblik epi nou pataje resous ki sove lavi moun. Òganizasyon sa ki baze Dallas, se yon sous enfòmasyon enpòtan depi anviwon san lane. Kontakte nou sou heart.org, Facebook, Instagram epi sou Twitter.

Pou Demann Medya yo:  

Nina Barbero, APR

nina.barbero@heart.org